Philippe Augustin nonmen kòm nouvo direktè egzekitif CEP.
- konektem info
- 4 févr.
- 1 min de lecture
Philippe Augustin, ki jiska kounye a se direktè Rejis elektoral, pral pran tèt Direksyon Egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP). Nonminasyon l fèt aprè yon seyans ekstrawòdinè Konsèy la te fè vandredi 31 janvye, daprè yon nòt enstitisyon an.
Anplis karyè li nan administrasyon elektoral la, Augustin se yon enjenyè enfòmatik epi manm gwoup mizikal Strings. Gras ak eksperyans li nan jere Registre elektoral pandan plizyè ane, li gen bon konesans sou mekanis sistèm elektoral la ak pwosesis eleksyon yo.
Seremoni enstalasyon l kòm direktè egzekitif la prevwa fèt madi 4 fevriye a 2è, nan lokal CEP a, Petyonvil. Konsèy Elektoral Pwovizwa a renouvle angajman l pou l mennen pwosesis elektoral ak referandè yo nan endepandans, enpasyalite ak enklizyon.
Comments