Peyi Kolonbi Akeyi 91 Migran li yo avèk Diyite.
- konektem info
- 28 janv.
- 1 min de lecture
Madi 28 janvye 2025 lan, 91 migran sòti El Paso, Texas, te ateri nan Bogota, Kolonbi, nan yon avyon prezidansyèl kolonbyen. Aksyon sa a te konplètman diferan parapò ak sa Lamezon Blanch te prevwa, kote yo te sipoze itilize avyon militè ameriken pou depòte migran yo. Sa ki te frape plis nan akèy sa a, se mesaj solidarite Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, te pataje ak migran yo avèk anpil chalè: « Byenvini nan Kolonbi ! », li te deklare.
Gouvènman Kolonbi asire migran yo rantre nan Peyi yo ak anpil respè epi san okenn kondisyon minòt. kòm nouvote, yon pwogram akèy ki vize entegre migran yo nan sosyete a ankò, mete sou pye. Nan yon tweet ofisyèl, Ministè Afè Etranjè Kolonbi te fè konnen: « Gouvènman an akeyi yo 2 bra louvri, avèk tout diyite, respè dwa yo, san minòt. Yo se Kolonbyen, yo lib, yo nan peyi yo, yo renmen anpil. »
Prezidan Gustavo Petro te itilize yon ton pozitif pou deklare migran yo pa dwe wè kòm kriminèl, men kòm moun ki gen dwa pou travay, pwogrese, epi viv yon lavi nòmal. Pou sipòte adaptasyon yo, Prezidan an anonse yon plan kredi pwodiktif, asosyatif, ak bon mache pou ede migran yo nan entegre yo nan aktivite ekonomik peyi a.
Sa a se yon inisyativ ki chanje pèspektiv sou migrasyon nan rejyon an, kote Kolonbi pran angajman pou fè fas ak defi sa a avèk respe ak aksyon konkrè.
Comentários