Peyi Babad deside pa voye twoup militè yo an Ayiti.
- konektem info
- 11 janv.
- 1 min de lecture
Gouvènman Babad la anonse desizyon pou sispann patisipasyon li nan voye twoup nan peyi a. Babad te fè pati peyi ki te angaje nan Misyon Multinasyonal Sipò Sekirite a (MMAS), men minis zafè etranjè li, Kerrie Symmonds, deklare sitiyasyon Ayiti a twò danjere epi enstab pou garanti reyalizasyon avèk siksè yon operasyon konsa.
Desizyon sa a make yon pwen kle nan jesyon kriz Ayiti a. Nan yon kontèks kote vyolans ap ogmante epi enstabilite politik vin pi grav chak jou,Otorite nan peyi Babad yo jije si voye fòs lame yo, sa ka reprezante yon gwo risk pou sekirite ak efikasite misyon an.
Plizyè rezon jistifye revokasyon sa a. Gen gwo kè sote sou sekirite twoup yo, absans yon estrateji entènasyonal ki klè, bon kowòdonasyon, ansanm ak dout sou efikasite yon entèvansyon militè. Desizyon sa a reflete kantite defi kominote entènasyonal la ap rankontre pandan y ap chèche stabilize Ayiti.
Comments