top of page

Pedro Sánchez deside rete nan tèt gouvènman espanyòl la

Premye Minis Espay Pedro Sánchez te anonse lendi 28 avril 2024 la li p ap demisyone, senk jou apre li te pran yon poz nan devwa piblik li pou reflechi sou avni politik li. Poz sa te vini aprè Tribinal Siperyè Jistis la nan Madrid louvri yon ankèt kont Begoña Gomez madanm PM Sánchez pou "trafik enfliyans ak koripsyon antrepriz", aprè plent Manos Limpias la.


Sánchez te sispann fonksyon piblik li jiska Lendi 24 avril 2024 pou reflechi sou avni politik li, apre anons ankèt la.

Malgre presyon k ap grandi yo Premye Minis Espay la ki gen 52 lane deklare: "Mwen deside kontinye, ak menm e pi gwo detèminasyon si sa posib, pou dirije gouvènman Espay la."


Li eksprime rekonesans ak manm pati politik li a, Pati Sosyalis Espanyòl la, pou sipò yo. E li kwè kanpay kont madanm li an poko ap fini.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page