top of page

Parole in place: Prezidan Joe Biden anonse plan sila pou fasilite regilarizasyon imigran k ap viv Etazini yo.

Nan kad kanpay pou prezidans lan, Prezidan Joe Biden anonse yon pwogram tou nèf sou migrasyon ki pote non "Parole in place",

ki pral fasilite regilarizasyon plizyè milye imigran k ap viv Etazini. Nan yon diskou li fè nan white House la, Biden te mete anpil aksan sou angajman li pou sekirize fwontyè ak Meksik epi bay mwayen legal pou imigrasyon.


Mezi sa a, ki pote sou enpòtans moun ki marye avèk sitwayen ameriken, pral pèmèt yo kòmanse pwosesis regilarizasyon yo san yo pa bezwen kite teritwa ameriken an.


Apre deklarasyon sa a, Prezidan Biden anonse plis detay sou politik sa a pral disponib nan semèn k ap vini yo. Pwogram "parole in place" la, ka chanje estati anviwon 490,000 imagran ki marye avèk sitwayen ameriken depi omwens 10 ane. Sa pral bay yo pwoteksyon kont depòtasyon epi viv ak travay legalman nan peyi a.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page