top of page

Pap François resevwa Prezidan Leslie Voltaire nan Vatican.

Ayè Samdi 25 janvye 2025 lan, Pap François akeyi Leslie Voltaire, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a, nan Palè apostolik Vatican an. Apre rankont sa a, Voltaire te gen yon reyinyon avèk Sekretè Deta Sen Syèj la, Kadinal Pietro Parolin.


« Nan yon anbyans ki chaje ak espirityalite ak respè, mwen te eksprime, nan non pèp ayisyen an, gwo rekonesans nou pou sipò li, espesyalman pou migran ayisyen k ap soufri », se sa Leslie Voltaire ekri sou kont Twitter (X) ofisyèl li.


Nan mesaj li, Voltaire fè konnen li espere rankont sa a pral enspire yon mobilizasyon legliz katolik an Ayiti pou ankouraje lapè, rekonsilyasyon, ak pou lite kont Lamizè atravè edikasyon ak èd imanitè, daprè Le Nouvelliste Haiti.

Kommentare

Mit 0 von 5 Sternen bewertet.
Noch keine Ratings

Rating hinzufügen
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page