PALMARÈS MIZIK/VIDEYO EVANJELIK – JANVYE 2025.
- konektem info
- 1 févr.
- 3 min de lecture
Nou kòmanse ane a ak yon seleksyon mizik ki ranpli nou ak espwa, lafwa, ak adorasyon! Premye palmarès 2025 la mete an valè kreyasyon ki enspire nou espirityèlman, pandan n ap kontinye soutni atis ki sèvi ak mizik pou pataje levanjil la.
Ekip Redaksyon Konektem rete fidèl ak misyon li pou mete an valè mizik evanjelik yo epi pataje ak kominote a mizajou sou nouvèl mizik ki gen yon enpak reyèl sou lafwa ak adorasyon.
Ann dekouvri mizik ki make mwa janvye a ak mesaj fò yo pote pou nou!

1. DELLY BENSON – “Dim Kisaw Vle m Fè”
Dat sòti: 1ye janvye 2025
Pastè Delly Benson louvri ane a ak yon adorasyon ki envite nou reflechi sou volonte BonDye pou lavi nou. Mizik sa a se yon priyè kote li di:
“Papa, dim kisa wap tann de mwen nan sezon sa.”
HolySongs Ministries pwodui mizik sa ak yon vizyalizatè pwofesyonèl reyalize pa AEFilm, chante sa a ankouraje nou chèche direksyon Bondye pou nouvèl ane a.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/DQl-yBubCB4?si=DrDDzng8MWAnDoWU
2. JEAN ENOCK LOUIS – “Ak Jezi M’pa Pè”
Dat sòti: 5 janvye 2025
Mizik sa a se yon mesaj konfyans ak sekirite nan BonDye, menm nan mitan difikilte lavi yo. Avèk deklarasyon fò tankou:
“Tè a mèt tranble, mòn yo mèt chavire, li te di m lap avèk mwen, mwen pa pè.”
Jean Enock Louis ankouraje kwayan yo kenbe lafwa ak kwè nan pwoteksyon BonDye.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/q3gZICPI8IE?si=qdqqVSM4nL3TqbtL
3. RICO ALEUS & RICHE CHARLES – “Jezi Ap Pran Swen Mwen”
Dat sòti: 7 janvye 2025
Yon mizik chaje ak remèsiman ki mete aksan sou jan Bondye toujou okipe pèp li. Rico Aleus ak Riche Charles ofri yon adorasyon ki ranfòse konfyans nou nan fidelite Bondye ak pwoteksyon li, e ki raple nou ke Bondye toujou ap pran swen nou, san kondisyon.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/TtGTez009oU?si=u7v626-C3tM3pINn
4. WILIADEL DENERVIL – “Leve Mwen”
Dat sòti: 9 janvye 2025
Yon priyè pwofon kote Wiliadel Denervil rekonèt Bondye kòm sous fòs li. Chante sa a raple nou ke Bondye toujou la pou leve nou lè nou febli.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/tNzQwDvJ8hM?si=WsMXQtq4xUufv9Ux
5. PEDRO S. VALLERY – “Miray Sa”
Dat sòti: 12 janvye 2025
Yon mizik ki pale sou viktwa espirityèl ak pouvwa Bondye pou kraze tout baryè nou yo. Menm jan miray Jeriko te tonbe, Pedro S. Vallery raple nou ke okenn obstak pa ka kenbe lè lafwa nou solid nan Jezi.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/qnRZ7JE69xY?si=qeAxbQYXHzY7iPIK
6. WILIADEL DENERVIL - “BonDye Pa Bliye w”
Dat sòti: 16 janvye 2025
Vizyalizasyon ofisyèl pou chante “Bondye Pa Bliye W”, ki se wityèm mizik nan dènye albòm Wiliadel Denervil. Nan yon kolaborasyon ak Salomon Lira, mizik sa a pote yon mesaj espwa pou tout moun k ap travèse moman difisil.
Mizik la ankouraje pasyans, lafwa, ak pèseverans, pandan li asire nou ke benediksyon yo ap vini nan tan Bondye.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/zKNN4Yx2OvI?si=SUEnwqTyLhNcZZ_f
7. PAUL & RACHEL SENÉ – “Gad Gwosè Yon Lanmou”
Dat sòti: 18 janvye 2025
Premye kolaborasyon Marc Paul ak Rachel Sené, yon mizik ki mete aksan sou grandè lanmou BonDye. Yo kreye yon adorasyon ki envite nou apwoche BonDye ak tout kè nou.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/tHg3TCGlRb8?si=vrDpoD0i2aBIrlC8
8. JEAN CLAUDE DERISIER – “Bagay Yo Tèt Anba Nan Peyi a”
Dat sòti: 25 janvye 2025
Bagay Yo Tèt Anba se yon mizik ki abòde kriz sosyal, politik, ak espirityèl nan peyi a. Pastor Jean Claude Derisier denonse divizyon ak enstabilite, e li envite pèp la ak lidè yo chèche lapè nan Bondye.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/xGwHzcXnR7s?si=0G-4o2QnpgvPdoV7
9. ALCIDE DERSON – “Gras Ou”
Dat sòti: 27 janvye 2025
Yon adorasyon ki mete aksan sou fidelite Bondye ak tout benediksyon li fè nou chak jou. Chante sa a ekri pa Pastè Delly Benson akonpaye pa yon videyo mizik ki mete nou nan atmosfè lwanj ak rekonesans.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/vuvE6SqHLjQ?si=GokVxUTPGfw63Zpj
10. BILLY LILITE – “Men Avèg La”
Dat sòti: 28 janvye 2025
An kolaborasyon ak Frè Alexis, mizik sa a rakonte istwa yon nanm ki ap chèche limyè Jezi. Se yon mesaj konfyans, kote nou rekonèt Jezi kòm sèl sovè ki ka ouvè chemen nou.
🎥 Gade videyo a: https://youtu.be/7aG6Z9R9Z1k?si=y6FEcf7ksrWvnhqC
Ekip Redaksyon Konektem ap kontinye bay kontni sou mizik evanjelik e nou ankouraje nou pou sipòte mizik ki ranfòse lafwa nou pandan ane 2025 la. Pa bliye like, pataje, ak kite komantè sou mizik sa yo pou ede atis yo rive pi lwen. Ann fè ane sa a yon ane chaje ak adorasyon, espwa, ak kè kontan!
Redaksyon:
Vanauscheca Bouzy
Konsepsyon Grafik:
Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode
Comments