top of page

Ouragan Hélène Lakòz Inondasyon Nan Florid.

Ouragan Hélène te frape Florid kòm yon ouragan ki te nan kategori 4, sa ki vle di li te gen van ki soufle plis pase 200 km/lè. Pandan li ap avanse, li te retrograde pou vin kategori 2, men li toujou danjere. Malerezman, omwen twa (3) moun deja pèdi lavi yo akòz ouragan sa a.


Hélène se pi puisan ouragan ki frape zòn sa a, li te touche tè a tou pre Talahassee, ki se kapital Florid la. Ouragan an lakòz anpil inondasyon. Otorite yo te bay lòd pou evakye moun ki abite nan zòn ki pi afekte yo, paske inondasyon sa yo ka pote anpil danje.


Kounye a, yon milyon moun nan Florid san elektrisite. Yo ap prepare pou avanse ouragan an ki ap vwayaje nan nò a, kote Atlanta sou alèt pou prepare pou nenpòt konsekans ki kapab rive akòz avansman ouragan Hélène. Gouvènè Florid la, Ron DeSantis, te deklare eta dijans pou jwenn resous yo bezwen pou fè fas ak sitiyasyon an. Plizyè sant resepsyon ouvri pou ede moun ki te oblije kite kay yo.


Malgre Hélène te vin kategori 1, li toujou konsidere kòm yon menas. Lekòl yo fèmen depi 26 septanm 2024, ak anpil inondasyon ki afekte wout yo. Otorite yo avèti sou risk pou pye bwa tonbe, sa ki ka koze plis pwoblèm ak pèt elektrisite.


Pèp la ap suiv sitiyasyon an ak anpil atansyon pandan yo prepare pou konsekans ouragan Hélène ki ap avanse nan direksyon Jòjia,Etazini.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page