top of page

Otorite nan Peyi Kolonbi reponn ak sanksyon kont Etazini.

Nan yon nòt Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, pibliye sou kont (X) ofisyèl li, dimanch 26 janvye 2025, li pase lòd pou ogmante jiska 25% dwa ladwàn sou tout enpòtasyon ki soti Ozetazini. Petro mande Ministè Komès Eksteryè a pou dirije ekspòtasyon kolonbyen yo nan tout lòt mache entènasyonal, sof Etazini.


« Mwen envite kominote Kolonbyèn nan pou komèsyalize pwodui nou yo », li ekri, pandan li ankouraje ranplasman pwodui ameriken yo ki vin pi chè nan ekonomi Kolonbi a avèk pwodui lokal. Prezidan an ajoute pou l di gouvènman li a ap travay pou soutni jefò sa yo.


Reyaksyon Petro a vini kòm yon repons dirèk kont sanksyon ekonomik ak finansyè Prezidan Donald Trump enpoze sou Kolonbi, daprè enfòmasyon RFI.


Sitiyasyon an montre yon ogmantasyon tansyon nan relasyon komèsyal ant de (2m peyi sila yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page