top of page

Otorite dominikèn yo atravè DNCD arete de (2) endividi epi sezi 621 pakèt kokayin.

Direksyon Nasyonal Kontwòl Dwòg (DNCD) nan Repiblik Dominikèn frape fò nan zòn fwontyè Pedernales, kote yo arete de (2) endividi epi sezi 621 pakèt kokayin mèkredi sa a. Entèvansyon sa a montre angajman otorite yo pou konbat trafik dwòg, yon fenomèn ki kontinye menase rejyon an.

De (2) sispèk yo, ki pote non Florencia Flores Henríquez ak Franny Segura Feliz, te arete sou plas pandan operasyon an. Fòs sekirite yo te tou konfiske yon fizi kalib 5.56, sa ki ranfòse dout sou koneksyon yo ak rezo kriminèl òganize.


Otorite repiblik dominiken yo anonse ouvèti yon ankèt pou idantifye sous ak destinasyon kago sa a, nan lide pou kraze rezo ki enplike nan aktivite ilegal sa yo. Yo fè konnen yo pare pou kontinye travay ak òganizasyon entènasyonal yo pou asire sekirite sitwayen nan de (2) bò fwontyè a, sitou nan yon kontèks kote Ayiti sibi presyon dwòg nan rejyon an.

Operasyon sa a montre yon fwa ankò detèminasyon fòs sekirite dominiken yo pou bloke wout trafik dwòg la nan rejyon an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page