top of page

ONI Demanti rimè ki fè moun peye pou yo jwenn Kat Idantifikasyon Nasyonal yo (CIN).

Biwo Nasyonal Idantifikasyon (ONI) fè yon demanti fòmèl sou rimè ki di gen anèks yo ki mande lajan pou kat idantifikasyon nasyonal (CIN). Nan yon nòt, ONI raple kat CIN lan totalman gratis.


ONI presize nan yon nòt« Pa gen okenn frè ki dwe oswa ki ka egzije pou jwenn kat la ». Nenpòt demand pou peye pou sèvis sa a ilegal e li dwe imedyatman rapòte bay otorite konpetan yo. ONI mande sitwayen yo pou yo rete vijilan epi denonse nenpòt tantativ fwod.


Rapèl sa a vini nan yon kontèks kote gen rimè ki ap kreye konfizyon nan mitan popilasyon an. ONI renouvle angajman li pou bay yon sèvis gratis ak aksesib pou tout sitwayen yo, epi envite tout moun pou rapòte nenpòt pwoblèm yo rankontre pandan y ap fè kat CIN lan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page