top of page

Omaj pou polisye kenyan ki tonbe nan batay kont bandi "Gran Grif".

Jodi Madi 11 mas 2025 lan, yon seremoni fineray senbolik te òganize  nan legliz katolik Sen Jewòm nan, Petite Rivière de l’Artibonite, pou onore polisye kenyen ki pèdi lavi l pandan operasyon kont gang “Gran Grif”, nan jou ki te 25 fevriye pase a. Se te yon moman emosyon kote pèp ayisyen, sitou kominote lokal la, te eksprime rekonesans yo pou sakrifis fòs sekirite etranje yo.


Seremoni an te fèt an prezans divès otorite, pami yo chèf Pakè Sen Mak la, Mèt Venson François, ki te akonpaye pa polisye ayisyen ak kenyen. Ansanm, yo te rann omaj pa sèlman ak polisye kenyen an, men tou ak sis (6) polisye ayisyen ki te mouri nan Liancourt, jou ki te 22 janvye 2025 lan.


Nan diskou li, Mèt Venson François te mande popilasyon an pou l kolabore ak otorite yo pou konbat gang k ap simen laterè nan rejyon an. Manm kominote a, ki te rasanble nan legliz la ak anpil emosyon, te mete aksan sou nesesite pou kontinye operasyon yo kont gang “Gran Grif”, ki kontinye ap menase sekirite Gran Nò a.

“Nou la ak doulè pou nou onore memwa polisye kouraje sa yo ki sakrifye lavi yo pou soulaje soufrans nou,” yon sitwayen te deklare pandan seremoni an.


Vyolans ki kontinye ap frape zòn nan montre klèman nesesite pou otorite yo pa sispann batay la. Pandan popilasyon an ap mande jistis pou viktim yo, tout je fikse sou aksyon k ap vini yo pou mete fen ak ensekirite a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page