OIM ak Leta Ayisyen Siyen yon Nouvo Akò pou Legalize prezans OIM an Ayiti.
- konektem info
- il y a 17 heures
- 1 min de lecture
Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ansanm ak Gouvènman Repiblik Ayiti a siyen ofisyèlman yon nouvo akò ki mete kad legal sou prezans epi aktivite OIM sou tèritwa Ayisyen an.
Seremoni siyati a te fèt an prezans Direktris Jeneral OIM, Madam Amy Pope, ak Minis Afè Etranjè ak kilt, Mesye Jean Victor Généus, ki te reprezante pa Chanselye Jean Victor H. Jean-Baptiste.
Nouvo akò sa a montre volonte tou de (2) pati yo pou kontinye travay ansanm, nan yon kontèks difisil kote Ayiti ap fè fas ak gwo defi imanitè, migratwa, ak sosyo-politik. Akò a prevwa fasilite travay OIM sou teren an, pi byen kòdone operasyon yo, epi respekte souverènte peyi a.
Nan entèvansyon li, Madam Amy Pope deklare :
“OIM renouvle angajman li pou l rete bò kote pèp Ayisyen an, travay men nan men ak otorite nasyonal yo pou reponn bezwen ijan yo epi soutni solisyon dirab.”
Yon siy ki konfime volonte pou ogmante kolaborasyon entènasyonal ak kapasite lokal yo nan jere dosye migrasyon ak kriz imanitè.
Comments