top of page

Nouvo Konsèy Jesyon BNC Pran Fonksyon Ofisyèlman.

Nan yon seremoni ki te fèt madi 13 out 2024, Minis Ekonomi ak Finans Kethleen Florestal ak Gouvènè Bank Repiblik Ayiti (BRH) Ronald Gabriel, te ofisyèlman enstale nouvo manm Konsèy Jesyon Bank Nasyonal Kredi (BNC).


Konsèy la, ki gen ladan Pierre André Agélus, Pascale Valembrun Désinor, ak Evens Jérôme, gen kòm misyon prensipal amelyore kalite pòtfèy BNC epi asire jesyon efikas ak dirab nan enstitisyon an.

Enstalasyon sa a fèt nan kad yon reòganizasyon pou ranfòse estabilite ak efikasite bank la, nan yon moman kote ansyen Prezidan Konsèy Administrasyon BNC, Raoul Pascal, te ranvwaye aprè li te akize plizyè manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou kòripsyon.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page