top of page

Nouvo Konsèy Egzekitif pran tèt UEH pou peryòd 2025-2029 la.

Yon nouvo etap louvri pou Inivèsite Leta Ayiti (UEH) a, ak  eleksyon Konsèy Egzekitif li, pou peryòd 2025-2029 lan. Dimanch sa a, Konsèy Inivèsite a chwazi twa nouvo responsab pou mennen enstitisyon an sou wout refòm akademik ak administratif.


Rezilta eleksyon yo klè:


1) Dieuseul Prédélus vin rektè UEH ak 95,45 % vwa yo.


2) Predner Duvivier vin Vis-rektè pou Zafè Akademik ak 58,33 % vwa yo.


3) Jacques Blaise vin Vis-rektè pou Rechèch ak 73,91 % vwa yo.



Rektora a felisite nouvo ekip sa a, pandan l mete aksan sou defi ki devan yo: amelyore kalite ansèyman siperyè an Ayiti, ranfòse gouvènans UEH epi ankouraje rechèch ak inovasyon.


Nan yon kominike, Rektora a remèsye Konsèy Inivèsite a ak Komisyon Elektoral Santral la pou bon jan dewoulman eleksyon an. Li mande tout aktè inivèsite yo pou yo mete tèt ansanm pou devlopman enstitisyon an.


Avèk eleksyon sa a, UEH lanse yon nouvo faz nan istwa li. Rete pou ekip dirijan an pwouve kapasite yo pou mennen yon gouvènans efikas, pandan y ap reponn ak atant kominote inivèsitè a ak bezwen peyi a nan domèn fòmasyon ak rechèch.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page