Nouvo chanjman nan tèt lapolis la, nan Mibalè, apre envazyon prizonye yo.
- konektem info
- 2 avr.
- 1 min de lecture
Atak gwoup ame yo kont komin Mibalè kontinye mete popilasyon an nan kè sote. Apre envazyon prizonye yo, lendi 31 mas 2025, wo kòmandman Polis Nasyonal la deside voye ranfò ak chanje responsab komisarya vil la pou eseye frennen ofansiv yo.
Kòmisyè prensipal Mathias Jean David, ki te deja okipe pòs sa nan tan pase, retounen kòm nouvo chèf Polis Mirebalè. Li pran plas Jean Claude Bazile, ki te sibi anpil kritik pou jan li jere atak lendi a. Selon pòtpawòl adjwen PNH la, Lionel Lazarre, chanjman sa fèt nan kad mezi pou reprann kontwòl sitiyasyon an.
Pandan se tan, sitiyasyon an rete sou tansyon nan Mibalè. Dapre kèk temwayaj, bandi yo rive anvayi prèske tout katye, soti nan antre vil la pou rive nan sant vil la. Yo piye plizyè biznis, sitou magazen telefòn ak lòt komès. Popilasyon an kontinye ap viv nan gwo laperèz, san konnen si mezi otorite yo ap pote sekou konkrè.
Comments