top of page
Photo du rédacteurKonektem Tv

Nan revolisyon Ayisyèn nan Fanm yo te kanpe bwa kale.


Revolisyon Ayisyèn nan se te yon moman batay pou endepandans ki te Kòmanse nan lane 1791 pou rive 1804. Malgre fanm yo te jwe yon wòl enpòtan nan revolisyon an, li pa fasil pou jwenn liv ki pote aksan sou sa.


Kontrèman ak jounen jodi a, fanm ayisyèn yo te brav yo te toujou leve kanpe, revòlte kont sistèm esklavaj ki te genyen nan epòk la. Yo te patisipe aktivman nan revolisyon an kòm kombatan, espion, logistisyèn, sipò finansye ak propagandiz. Fanm yo te jwe yon wòl enpòtan tou kòm lidè kominotè, ede nan òganizasyon rebèl yo ak mobilizasyon resous yo pou lagè a. Nan mitan fanm ki te pi popilè nan revolisyon an, nou ka site;

  • Sanite Bélair,

  • Marie-Jeanne Lamartinière,

  • Catherine Flon

  • Cécile Fatiman.


Sanit Bélair te yon gèryè ki te kòmba bò kote mari li epi li te mouri nan 1802.


Marie-Jeanne Lamartinière te yon espion ki te pase enfòmasyon bay fòs rebèl yo.


Catherine Flon te koud premye drapo ayisyen an nan lane 1803.


Cécile Fatiman te yon prètès vodou ki te òganize yon seremoni an 1791 ki te konsidere kòm Kòmansman revolisyon an.


Sepandan, malgre wòl enpòtan yo, fanm yo te ekskli nan pouvwa politik aprè revolisyon an fini. Konstitisyon 1805 la te bay aksè ak gason yo sèlman pou yo vote ak pou yo vin sittwayen, epi fanm yo te retounen jwe wòl tradisyonèl yo kòm; jere fanmi ak pote sipò nan kominote yo.


Malgre fanm ayisyèn yo te jwe yon wòl enpòtan nan revolisyon an, yo pat dakò kontribisyon yo e aksè yo nan koze pouvwa politik te vrèman limite.

9 vues0 commentaire

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page