top of page

MSPP lanse alèt sou yon Vye medikaman k ap sikile an Ayiti.

Yè madi 11 fevriye 2025 lan, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) mete popilasyon an ak pwofesyonèl sante yo an gad sou prezans yon move medikaman ki pote yon fo etikèt  "TETANUS ANTITOXIN". Medikaman sa a, ki parèt nan fòm 1500 UI, 1 ml ak 2 ml, gen yon anbalaj an anglè ak yon nimewo Lot E-634 ki pa ka remonte tras li nan peyi a.


MSPP fè konnen itilizasyon pwodui sa ka gen gwo konsekans sou popilasyon an, epi ka lakoz yon tretman san efikasite ak risk grav pou sante moun ki pran l lan, jiska mete lavi yo an danje. Otorite sante yo entèdi achte, distribye, vann ak itilize li sou tout teritwa ayisyen an. Yo mande pwofesyonèl sante yo pou yo rapòte nenpòt ka sispèk bay Direksyon Sanitè ki nan zòn yo pou aksyon rapid.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page