top of page

Mond lan kòmanse frape anba yon gwo tanpèt solè ki ka afekte rezo kominikasyon ak elektrik nan plizyè peyi sou planèt la.

National Oceanic and Atmospheric Administration (NOAA) nan peyi Etazini prevwa yon Tanpèt Solèy sou planèt la. Tanpèt solèy oubyen tanpèt jewomanyetik se yon fenomèn ki ra anpil. Selon NOAA ant 10 a 12 me mond lan ap viv yon tanpèt solèy nivo 5. Sa gen 20 lane depi te gen yon fenomèn parèy ki te pase nan mond lan.


Mèkredi 8 me a, plizyè syantifik te obsève yon seri eksplozyon plasma ak chan manyetik ki soti nan kouwòn solèy la, sa yo rele "Ejeksyon Mas Koronal" (EMK) la. EMK yo kapab soti nan solèy la pou ale nan nenpòt direksyon, men EMK syantifik yo obsève yo ap pran direksyon latè ki lakoz pasaj Tanpèt Solèy sa a. Pasaj Tanpèt jewomanyetik nivo 5 sa ka provoke gwo pètibasyon nan fonksyonman rezo kominikasyon, rezo elektrik, sinyal satelit yo ak GPS nan mond lan. Men se yon opòtinite pou anpil moun nan plizyè peyi sou planèt la viv yon "aurore boréale".

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page