top of page

Ministè Jistis Ameriken Ogmante Presyon sou Vil ki pa vle kolabore ak Politik Imigrasyon an.

Ministè Jistis Etazini te ogmante avètisman li yo kont otorite lokal ak eta ki refize kolabore ak politik imigrasyon estrik ansyen Prezidan Donald Trump ap pwone a. Depi li te rive nan Mezon Blanch, Trump mete imigrasyon nan kè ajanda li, li anonse mezi sevè tankou fen dwa ak sitwayènte ameriken pou imigran ki fè pitit sou sòl yo a, ak gwo operasyon depòtasyon kont migran ki pa gen papye.

Kreyasyon yon gwoup kont vil k ap pwoteje migran pou pa tonbe anba depòtasyon yo, se youn nan mezi sa yo. Dapre Emil Bove, gwoup sa a vize idantifye ak konteste lwa lokal ki pa konpatib ak inisyativ federal yo.


Nan yon deklarasyon li te pibliye madi, Bove te avèti  nenpòt lwa oswa politik lokal ki anpeche pataje enfòmasyon ak otorite federal yo t a ka sijè  pousuit jidisyè. Li deklare restriksyon sa yo mete an danje sekirite piblik ak nasyonal la.


Ministè sila te anonse tou  FBI ak lòt ajans federal yo pral analize dosye yo pou idantifye migran ki nan sitiyasyon ilegal yo, gras ak done biyometrik. Enfòmasyon sa yo ap transmèt bay Depatman Sekirite Entèryè pou akselere depòtasyon yo.

Aksyon sa a se yon kontinyasyon nan pwomès kanpay Trump, ki  vize fè pi gwo operasyon depòtasyon nan listwa Etazini. Sepandan, plizyè jiridiksyon, sitou sa yo ki anba kontwòl Demokrat yo, kontinye defye direktiv sa yo, epi limite kolaborasyon yo ak otorite federal yo.


Avèk nouvo avètisman sa a, Ministè Jistis la anonse y ap mete plis presyon, sa ki fè nou ka atann yon ogmantasyon nan tansyon ant gouvènman federal la ak vil sila yo, ki reprezante yon konfwontasyon ant de (2) vizyon opozan sou imigrasyon nan Etazini.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page