Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) òganize yon atelye twa jou pou egzamen 9vyèm ane fondamantal.
- konektem info
- 30 mai 2024
- 1 min de lecture
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mobilize yon ekip ekspè nan zòn Delmas soti depi 28 rive 30 me 2024 pou elabore tèks egzamen pou elèv nan 9ème Année Fondamentale (A.F.) ak nan Sant Edikasyon Fanmi (CEF).
Anba sipèvisyon Direksyon Ansèyman Fondamantal (DEF), atelye sa a vize pou asire evalyasyon ki gen kalite, konfòme ak nòm edikatif yo, e ki aksesib pou tout elèv.
Egzamen yo prevwa pou 22 rive 24 jiyè 2024.
コメント