top of page

Mezon blanch demanti enfomasyon ki fè konnen Joe Biden ta sou tretman pou maladi Parkinson.

Jounal New York Times revele nan 12 dènye mwa sa yo gen yon doktè espesyalize nan tretman maladi "Parkinson" ki fè antre ak soti nan palè a pandan 8 fwa deja.

Revelasyon sila a, ki anflimen dout anpil elektè, kad anndan pati Demokrat yo gen sou kapasite 46èm prezidan meriken an pou w dirije peyi a pou yon lòt 4 lane.

Yon revelasyon Prezidans Amerikèn nan demanti. Eske prezidan Biden te trete pou "Parkinson"? Non. Eske l anba medikaman ? Non, se deklarasyon pòt pawòl prezandans lan Karine Jean-Pierre.


Prezidan Biden ki nan kous pou pran yon lòt manda mande ak tout moun nan pati Demokrat yo pou sipòte. Anmentan Joe Biden pwofite pou montre anbisyon l pou kontrekare moun nan pati a ki pap sipòte kandidati l la : " Sila yo ki panse m pa ta dwe kandida nan eleksyon prezidansyèl la, se pou yon vin afronte m, vin defye m nan pwochen konvansyon Demokrat yo". Yon konvansyon ki prevwa fèt nan mwa Dawout la.


Eta sante aktyèl prezidan Etazini se te youn nan pwen prensipal advèsè l nan konpetisyon elektoral la Donald Trump te kapitalize pou kwense l nan denyè deba ki te fèt la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page