top of page

Meri Pòtoprens ak CPT a, mobilize pou pwòpte vil la pou Nouvèl Ane 2025 ak fèt endepans lan.

Nan okazyon  Fèt Endepandans Peyi a, Meri Pòtoprens, ansanm ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT), lanse yon mobillzasyon pou travay asenisman ki vize bay kapital la yon bèl imaj pou akeyi ane 2025 lan.


Ekip sèvis woutye yo, ki jwenn mwayen nan men enstitisyon gouvènmantal yo, te kòmanse operasyon netwayaj nan zòn estratejik epi aksesib yo nan Pòtoprens. Pami zòn  ki te chwazi yo, nou ka site Lalue, rue Capois ak avenu Jean-Paul II. Dapre yon nòt administrasyon kominal la pibliye, inisyativ sa a gen pou objektif kreye yon anviwònman pwòp  nan okazyon selebrasyon fèt nasyonal premye Janvye a.


Popilasyon an bò kote pa l ankouraje patisipe nan jefò kolektif sa a, pandan administrasyon meri a ap respekte kondisyon pwopriyete yo, pou yon kolaborasyon aktif ak ekip sèvis woutye yo, ki deja sou teren. Paske fas ak defi jesyon dechè nan kapital la, inisyativ sila gen objektif suiv etap k ap pemèt  reyablitasyon Pòtoprens pou yon imaj ki reflete valè Fèt Endepandans Peyi a.

Opmerkingen

Beoordeeld met 0 uit 5 sterren.
Nog geen beoordelingen

Voeg een beoordeling toe
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page