top of page

Meri Kenscoff pran Mezi pou Pwoteje Komin nan kont Ensekirite.

Fas ak ogmantasyon zak ensekirite nan komin vwazen yo, meri Kenscoff pran yon seri mezi pou pwoteje popilasyon an kont menas bandi ak zam yo. Nan yon nòt li adrese bay kominote a, otorite yo eksplike desizyon sa yo fèt nan enterè tout moun.

Pami mezi yo pran, tout pwopriyetè kay ki vle lwe bay yon moun dwe bay meri a tout enfòmasyon ki nesesè sou lokatè a. Sa gen ladan non moun nan, kote li rete, nimewo idantite fiskal li, ak kat idantifikasyon nasyonal li. Egzijans sa a tou aplike pou lòt moun ki ka abite ansanm ak lokatè a.

Meri a mande tou pou otèl ak kay ki bay sèvis lojman respekte menm prensip sa yo. Otorite yo fè konnen yo pral sanksyone tout moun ki vyole nouvo dispozisyon sa yo. Mezi sa yo vize pou anpeche komin nan vin tounen yon espas kote moun ak zam ka kache.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page