top of page

MENFP Rete Fèm Sou Obligasyon Monte Drapo Chak Maten nan Lekòl yo.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mande tout lekòl nan peyi a, piblik kou prive, pou yo fè seremoni monte drapo chak maten anvan yo kòmanse aktivite yo. Pandan seremoni an, lekòl yo dwe chante yon pati nan Im nasyonal la ("La Dessalinienne").


Ministè a fè rapèl sa a pou ede devlope edikasyon sivik nan lekòl yo, jan sa defini nan nouvo kad edikasyon an. Objektif la se pou tout timoun aprann kisa sa vle di pou yo yon bon sitwayen. Edikasyon sa a kòmanse depi nan premye ane fondamantal (lekòl primè) jiska klas segondè. Ministè a vle tou pou edikasyon pou sitwayènte a pi prezan nan nivo preskolè.


Drapo a reprezante inite ak fyète pèp Ayisyen an. Se pou rezon sa a, ministè a mande direktè depatmantal yo ak enspektè yo pou travay ansanm pou fè respekte desizyon sa a nan tout lekòl nan peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page