top of page

MENFP fikse 30 septanm kòm dat limit pou fini anrejistreman lis desizyon fen ane akademik 2023-2024 la sou entènèt.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye yon avi kote yo fè konnen 30 septanm 2024 se dat limit pou anrejistreman lis desizyon fen ane akademik 2023-2024 yo sou entènèt, pou tout klas, soti nan preskolè rive nan segondè 4.


Direktè lekòl yo envite pou yo akselere pwosesis la atravè platfòm www.menfp.gouv.ht.


MENFP mete aksan sou enpòtans operasyon sa a pou preparasyon ane akademik 2024-2025 ak pou swiv enskripsyon nan egzamen Leta 2025 yo.

Direktè Depatman Edikasyon yo gen responsablite pou sipòte lekòl yo pou asire done yo mete ajou nan delè ki fikse a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page