top of page

MENFP eksprime Satisfaksyon yo pou dewoulman Egzamen Bakaloreya 2024 la.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) eksprime satisfaksyon li sou bon jan dewoulman egzamen bakaloreya yo ki te fèt nan dis (10) direksyon depatmantal edikasyon yo. Malgre kèk difikilte nan de (2) rejyon eskolè nan depatman Lwès la, MENFP te pran dispozisyon rapid pou asire egzamen yo fèt san gwo difikilte.


Direktè Jeneral MENFP la, Pwofesè Yves Roblin, remèsye gouvènman an, kominote edikatif la, ak popilasyon an pou kolaborasyon yo ki te fasilite pwosesis egzamen yo. MENFP kounye a ap konsantre sou koreksyon kopi kandida yo.


Yon konferans pou laprès sou bilan egzamen bakaloreya 2024 yo te fèt nan aprèmidi jedi 8 out, nan sant egzamen ki lokalize nan Lekòl Nasyonal Repiblik Gwatemala, nan Petyonvil. Konferans lan te prezide pa Pwofesè Yves Roblin, ak patisipasyon Kòdonatè Pòl Ansèyman ak Kalite a, Joseph Job Maurice; Direktè Ansèyman Segondè a, Miguel Fleurijean; ak Direktè Depatmantal Edikasyon Lwès la, Etienne Louisseul France.


MENFP ap suiv avèk anpil atansyon etap sa a pou asire tout pwosesis yo fèt ak presizyon pou kandida yo jwenn rezilta yo nan bon kondisyon.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page