top of page

MENFP Anonse Dezyèm Sesyon Egzamen Bakaloreya ki pwograme pou 5 a 8 Out 2024.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse dat ak kondisyon pou enskripsyon dezyèm sesyon egzamen bakaloreya pou lane 2023-2024. Sesyon sa pral fèt soti 5 pou rive 8 out 2024. Enskripsyon yo ouvè depi yè mèkredi 12 rive 24 jen 2024 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE), daprè enfòmasyon biwo kominikasyon ministè a.


Pou patisipe, kandida yo dwe bay yon fich patisipasyon nan dènye eprev yo oswa yon atestasyon MENFP, ak de (2) foto idantite, ak peye frè enskripsyon ki se de mil (2,000) goud.


Sesyon espesyal sa a, òganize pa Sant Evalyasyon Pèmanan (CPEV), Kandida rekale ki pa t reyisi yo pral kapab pase sèlman nan matyè kote yo pa t fè nòt (daprè done BUNEXE) pandan de (2) ane konsekitif aprè evalyasyon ofisyèl la. Sinon, yo pral oblije repran tout matyè yo.


MENFP mande direktè depatmantal yo pou pran tout dispozisyon pou asire bon fonksyonman pwosesis enskripsyon kandida konsène yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page