top of page

Melchie Durmonay nomine pou fè pati «XI Ane 2024» nan pri «The Best FIFA».

Melchie Durmonay, Aktyèl meyè foutbolè fanm nan CONCACAF la, nomine pou fè pati onz (11) tip ane 2024 la pou foutbòl feminen an.


Ayè jedi 28 Novanm nan, FIFA soti lis nomine chak kategori pou pri «Best» k ap fèt nan kòmansman ane 2025, yon seremoni ki pral onore meyè atlèt nan monn foutbòl la. San gwo sipriz, aktyèl meyè jwè fanm rejyon CONCACAF la, nomine pou fè pati onz (11) tip ane 2024 la. Jèn fanm 21 lane nan yon lis 22 atakant ki t a dwe antre nan Onz Tip la.


Ayisyèn ki soti nan vil Mibalè a, se pwodui lekòl foutbòl peyi Dayiti epi k kontinye flote drapo peyi l pami elit foutbòl mondyal yo. Melchie Durmonay ki gen ti non jwèt «Corventina» malgre laj kontinye antre non l pi fon nan panteyon gwo atlèt ayisyen yo.


Piblik la ap gen chans vote jiska 10 desanm pou ede Corventina entegre XI lan.


Si Melchie Durmonay nan XI sa, se ap yon gwo bout tonton viktwa pou espò ayisyen an ak pou tou peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page