top of page

Melchie Dumornay kontinye briye nan demi final lig dè chanpyon an.

Melchie Dumornay kalifye OL pou final Lig dè chanpyon. Aprè 2 gwo pèfòmans li nan demi final tankou nan ale 3-2 ak nan retou 2-1 kont PSG a pou ede ekip li genyen 5-3 sou de match yo.


Coventina tounen bèt nwa ki pouse do Paris nan LDC sezon sa a e ki mennen OL nan final kont ekip Baselòn nan.


Gwo Pèfòmans li nan match retou a ankò rekonpanse ak 3 pri posib ki te genyen yo: Mèyè jwèz match, Mèyè jwèz semèn epi pi bèl gòl semèn nan.


Dumornay enplike nan 4 gòl sou 5 gòl OL fè kont PSG nan faz demi final la: 2 gòl ak 2 pas desizif. Dumornay fè pati 3 jwèz ki rive pran pri meyè jwèz de fwa nan Lig chanpyon nan sezon 23-24 la.


Melchie pral kontinye fè drapo Ayiti a flote nan final pi gwo chanpyona foutbòl klèb yo nan dat 25 me k ap vini an, nan Bilbao an Espay.

Opmerkingen

Beoordeeld met 0 uit 5 sterren.
Nog geen beoordelingen

Voeg een beoordeling toe
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page