Meksik Sispann Relasyon Diplomatik Ak Anbasad Etazini ak Kanada.
- konektem info
- 28 août 2024
- 1 min de lecture
Prezidan Meksiken an, Andrés Manuel López Obrador, anonse madi 27 dawout 2024 la, li sispann relasyon diplomatik ak anbasad Etazini ak Kanada. Desizyon sa a vini aprè kritik anbasadè yo te fè sou pwopozisyon l pou eli jij yo atravè vòt popilè.
López Obrador fè konnen nan konferans pou laprès li “poz” sa a vize sèlman anbasad yo, pa peyi yo. Li ajoute relasyon yo ap rekòmanse lè diplomatik yo “respekte endepandans Meksik ak souverènte peyi a.”
Comments