top of page

Me Rodné François enstale kòm nouvo direktè CEFOPAFOP.

Mèt Rodné François te enstale ofisyèlman, jou ki te mèkredi 18 desanm nan, kòm nouvo direktè Centre de Formation et de Perfectionnement des Agents de la Fonction Publique (CEFOPAFOP), yon estrikti kle nan Primati a ki gen misyon pou fòme kad administrasyon piblik nan peyi a. Nominasyon sa a make yon chanjman estratejik nan jefò refòm sèvis piblik peyi a.


Nan diskou li pandan seremoni enstalasyon an, Mèt François te eksprime rekonesans li anvè Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou konfyans yo mete nan li. Li mete aksan sou enpòtans CEFOPAFOP kòm yon zouti esansyèl pou amelyore efikasite administrasyon piblik la ak sèvis pou popilasyon an. “Enstitisyon sa a reprezante yon gwo defi ak yon opòtinite, mwen pare pou pran ak tout eksperyans mwen,” li te deklare.


Mèt François te idantifye prensipal defi yo, tankou mank fòmasyon ajan yo ak nivo kalifikasyon ki ba nan mitan anpil anplwaye. Li te ensiste sou nesesite pou amelyore jesyon resouzimèn nan administrasyon piblik la, atravè yon apwòch renouvle. Nan vizyon li, fòmasyon kontinyèl, edikasyon, ak entegrite ap rete poto mitan chanjman li vle pote nan sistèm nan.


Nouvo direktè a te fè konnen li detèmine pou travay kole kole ak tout kad ak anplwaye CEFOPAFOP yo, pou transfòme pèfòmans ajan sèvis piblik yo. Angajman sa a vini nan yon moman kote refòm administrasyon piblik la konsidere kòm esansyèl pou reponn bezwen sitwayen yo ak kontribye nan devlopman peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page