top of page

Marvencia Blemyr, Yon jèn Ekolyè frape anba bal Mawon pandan l t ap adore Legliz li.

Marvencia Blemyr, yon elèv NS2 nan Lise Fritz Pierre Louis, pèdi lavi l, jedi 6 fevriye 2025 anba yon bal mawon. Daprè yon nòt lise a pibliye, jèn fi a te resevwa yon bal nan tèt pandan l t ap patisipe nan yon sèvis adorasyon nan legliz li, ki chita kò l nan zòn ba Delma. Yon sitiyasyon ki mete limyè sou reyalite brital  popilasyon an ap konnen, nan Pòtoprens chak jou.


Zak asasinay sa a pa yon ka izole. Li ajoute sou lis krim k ap sakaje lavi sitwayen yo chak jou pi plis. Timoun, etidyan, doktè, machann, pèsonn pa epanye. Sitou asasinay Doktè Déborah Pierre, ak trajedi Claire Guirand Villard, nyès chantè Michael. Kounye a, se non Marvencia Blemyr ki vin ajoute sou lis sila a.


Fas ak degèpisman gang yo, otorite yo kontinye montre enkapasite yo pou pwoteje popilasyon an. Kriminèl yo kontinye aji ak tout libète, pandan gouvènman an kontinye chita sou bèl diskou olye li pase an aksyon. Pandan sa, pèp la ap viv ak laperèz, san somèy, san lespwa.


Popilasyon an, sitou sila Kenscoff yo, pa sispann mande kilè otorite yo pran mezi konkrè pou mete fen nan laterè sa a. Paske, jan sa ap fèt la, nou pa ka kontinye viv sou espwa pwomès vid ak bèl pawòl ki pa janm debouche sou anyen.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page