top of page

Marie Rebecca Guillaume Eli Kòm Reprezantan Sektè Fanm nan KEP.

Nan yon eleksyon ki te fèt lendi 26 dawout 2024 la. Guillaume te ranpòte eleksyon an ak senk (5) vòt, depase rival li Ericarme Joassaint ki te jwenn kat (4) vòt.

Òganizasyon feminis yo, tankou Kay Fanm, Solidarité des Femmes Haïtiennes (SOFA), Kri Fanm Ayiti (KRIFA), Fondasyon TOYA, ak Federasyon Òganizasyon Fanm pou Egalite Dwa Moun (FEDOFEDH), te anonse ofisyèlman viktwa Guillaume nan pandan yon konferans pou laprès mèkredi 28 dawout 2024 la. Komite elektoral la te deja voye non li bay Konsèy Prezidansyèl la pou konfime pozisyon li kòm nouvo reprezantan fanm nan konsèy elektoral pwovizwa (KEP).


Eleksyon sa a make yon etap enpòtan nan reprezantasyon fanm yo nan pwosesis elektoral la, ki montre angajman yo pou patisipe aktivman nan zafè piblik peyi a.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page