top of page

Manifestasyon kont ensekirite : plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan leve sou tansyon maten lendi 19 dawout la.

Plizyè moun nan katye popilè Solino leve kanpe pou egzije fòs piblik peyi a pou kwape fenomèn ensekirite ki blayi depi 2 lane nan katye sila a. Yon leve kanpe ki kreye yon sitiyasyon panik ak tansyon nan plizyè katye nan Pòtoprens ak Delma.


Kawotchou k ap boule, eslogan piman bouk kont plizyè medya ki t ap kouvri Manifestasyon an, barikad nan kèk wout se konsa plizyè zòn leve pandan yon bon pati nan matine jodi lendi a.


N ap raple Solino gen plizyè jou depi zam pa sispann chante. Plizyè moun deja pèdi lavi yo san konte kantite kay ki boule.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page