top of page

Majistra Wilson Jeudy ranfòse kapasite pwofesè yo nan preparasyon pou rantre lekòl la.

Nan kad preparasyon pou rantre lekòl 2024-2025 la, Majistra Delmas, Wilson Jeudy, te òganize de (2) jou fòmasyon pou pwofesè Lekòl Municipale Pierre Maurice. Aktivite sa yo te fèt vandredi 27 ak lendi 30 septanm 2024, avèk animasyon espesyal nan men ekspè nan edikasyon tankou Me Maréchal Dieulique ak Mme Lancie Lamorthe.


Objektif prensipal fòmasyon sa yo se mete aksan sou inovasyon pedagojik pou ede pwofesè yo devlope nouvo zouti ki kapab amelyore kapasite yo pou pi byen akonpaye elèv yo pandan ane lekòl kap vini an. “Amelyorasyon kalite ansèyman se youn nan pi gwo priyorite nou,” se sa Majistra Jeudy te di pandan aktivite a, pandan l te soulinye angajman li pou kreye yon anviwònman edikatif ki bay elèv yo bon jan sipò pou reyisi.


Fòmasyon yo te kouvri plizyè sijè, tankou nouvo metòd pedagojik, jesyon klas, ak enpòtans akonpayman pèsonalize pou satisfè bezwen chak elèv.


Inisyativ sa a antre nan yon kad pi laj kote Majistra a ap chèche ranfòse kapasite pwofesè yo nan komin nan, ak espwa pou wè rezilta pozitif sou pèfòmans lekòl pandan ane a. Majistra Jeudy renouvle angajman li pou sipòte edikasyon nan komin nan, pandan l pwomèt pou kontinye mete anplas aktivite ki ka amelyore aksè ak yon bon jan edikasyon.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page