Luis Abinader Re-eli Prezidan Repiblik Dominikèn pou Yon Dezyèm (2) Manda.
- konektem info
- 20 mai 2024
- 1 min de lecture
Daprè rezilta preliminè Konsèy Santral Elektoral la (JCE), kandida Pati Revolisyonè Modèn (PRM), Luis Abinader, ranpòte eleksyon prezidansyèl yo depi nan premye tou ak yon kantite vòt ki egal a 59,24%, dimanch 19 me 2024 la.
Avèk yon gwo majorite vòt, Luis Abinader devanse prensipal advèsè li yo: Ansyen prezidan Leonel Fernández, kandida Fòs Popilè a (FP), genyen 26,91% nan vòt yo, ak Abel Martínez, kandida Pati Liberasyon Dominiken an (PLD), genyen 10,63%.
Nan yon diskou li fè dimanch swa, Abinader remèsye patizan li yo ak sitwayen yo pou konfyans yo mete nan li. Li deklare: “Pèp la pale klè… Mwen aksepte konfyans mwen resevwa a e mwen gen obligasyon pou m pap fè yo wont.”
Bò kote pa l, Ansyen prezidan Leonel Fernández te rapidman rekonèt viktwa Abinader la.
Sou rezo sosyal X (ansyen Twitter), li te ekri: “Aswè a mwen rele prezidan Luis Abinader nan telefòn pou m felisite l pou viktwa elektoral li a e swete li anpil siksè nan administrasyon l lan.”
Comments