Louco Stephane Desir pitit gason Louco Desir touye tèt li nan peyi Etazini.
- konektem info
- 14 juin 2024
- 1 min de lecture
Animatè vedèt Matin Débat an dèy e se li ki anonse nouvèl trajik la nan emisyon an maten an: "Mesye, pitit gason m, Louco Stephane Desir touye tèt li epi kite yon nòt pou manman l. Li lage kò l anba yon tren. Menm kò l nou pap jwenn pou fè antere l."
Papa defen an deklare tou Stephane pa t bay okenn siy depresyon ki ta anonse suisid sa a: "Li te kontinye mennen aktivite nòmal yo chak jou, li t ap prepare egzamen final li ak zanmi l".
Ekip Konekte M nan voye senpati bay Louco Desir, fanmi l epi fanmi Maten Débat a.
Commentaires