top of page

Lopital Chancerelles reprann sèvis apre 9 Mwa pòt fèmen.

Apre nèf mwa san okenn sèvis akòz vyolans gang ame, lopital Isaïe Jeanty ak Léon Audain, plis rekonèt kòm “Lopital Chancerelles”, finalman louvri pòt yo ankò lendi 2 desanm sila a.  Seremoni relansman sèvis sila a te fèt an prezans plizyè patnè enpòtan, tankou òganizasyon ALIMA, ki sipòte teknikman ak finansyèman pwojè a, ansanm ak reprezantan sosyete sivil ak pèsonèl lopital la.


Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, doktè Duckenson Lorthé Bléma, te mete aksan sou nesesite kolaborasyon ak angajman tout sektè pou garanti  sante popilasyon an. Li te raple enpòtans relansman sa a, sitou pou fanm ansent ki kapab kounye a resevwa bon kalite swen medikal  epi akouche nan bon kondisyon.


Inisyativ sa a ap gen yon enpak pozitif sou sante piblik la, sitou nan rediksyon konplikasyon perinatal yo ak lanmò manman ak tibebe. Minis la fè konnen li rete angaje pou amelyore aksè sitwayen ki pi vilnerab yo genyen ak swen.


Relouvri pòt Chancerelles la make yon pa nan direksyon amelyorasyon sistèm sante Ayiti a. Li reprezante yon angajman klè otorite yo pou pote swen medikal pou moun ki pi bezwen yo. Men, kesyon rete sou lòt enstitisyon sante enpòtan, tankou lopital Inivèsite Leta Ayiti a (lopital jeneral), ki toujou fèmen.

Aksyon sa a bay anpil fanmi espwa pandan y ap tann plis amelyorasyon nan sektè sante a.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page