top of page

Lopital Chancerelles Anonse L ap reprann Sèvis li yo : Yon Soulajman pou Fanm Ansent yo.

Nan yon reyinyon enpòtan ki te fèt ant Minis Sante Piblik la, Dr. Duckenson Lorthe Blema, ak reprezantan Òganizasyon Medsen San Fwontyè (MSF) ak ONG Alima, diskisyon sou relansman sèvis Matènite yo, nan Lopital Chancerelles, te prensipal pwen sou tab la.


Lopital la, ki se yon sant kritik pou swen medikal fanm ansent yo, fèmen depi fevriye 2024 akòz ensekirite ak pwoblèm fonksyònman. Fèmti sa a lage yon gwo chay sou lòt lopital yo ki deja debòde.

Reyinyon sila a te bout avèk elaborasyon yon plan, byen detaye, pou asire yon lansman dirab. Avèk sipò MSF ak Alima, ouvèti Lopital Chancerelles kapab diminye presyon ki sou lòt enstitisyon sante yo epi ofri plis sèvis medikal bay popilasyon an.


Inisyativ sa a pote anpil lespwa, sitou pou fanm ansent yo, epi li make yon avanse enpòtan pou ranfòse sistèm sante Ayiti a k ap konnen yon moman difisil an Ayiti, alèkile.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page