top of page

Livres en Folie: anonse 30èm edisyon pou 15 dawout k ap vini an.

Livres en Folie, youn nan pi gwo evenman literè nan peyi, ap prepare pou selebre 30yèm edisyon li ane sa a. Dat ofisyèl la deja afiche, evenman an ap fèt 15 out 2024.


Livres en Folie, ki te lanse pou premye fwa nan lane 1995, gen misyon pou kreye yon espas pou moun rankontre avèk liv yo, ekriven, editè, ak tout moun ki renmen literati. Chak ane, jounal Le Nouvelliste ak Unibank toujou pran randevou ak tout moun ki renmen liv.

Orijinalman, te planifye pou fèt 30 me a, men konjonkti aktyèl peyi a te fòse yo pouse dat la. Malgre sa, òganizatè yo deside pou fè evenman an pase nan vakans lan.


Menm si gen kèk detay ki poko konfime, nou ka espere yon selebrasyon literè enspire nan mwa dawout la.

Pou edisyon sa a, òganizatè yo pwomèt yon fèt literè ki pral rete grave nan kè tout moun ki renmen liv nan peyi a. Ane sa a pral yon opòtinite pou selebre richès ayisyèn nan ak tout pwodiksyon literè ki fè Ayiti fyè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page