top of page

Leslie Voltaire enstale kòm nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

Lendi 7 oktòb 2024 la, Leslie Voltaire, reprezantan Fanmi Lavalas, ofisyèlman enstale kòm nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) nan yon seremoni ki fèt nan Villa d’Accueil la. Leslie Voltaire pran plas Edgard Leblanc Fils, ki li menm te kite Villa d’Accueil la anvan seremoni an te kòmanse.


Nan evènman an, ki fèt an prezans lòt manm KPT yo ak kèk reprezantan diplomatik, mesye Voltaire pwofite pale sou objektif li pou rasanble manm konsèy la epi travay kole kole ak gouvènman an pou adrese gwo defi peyi a ap fè fas. Nan diskou li, li mete aksan sou enpòtans aksyon konkrè pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an pandan manda li, ki pral dire jiska 7 mas 2025.


Malgre absans kèk anbasadè enpòtan, tankou Etazini ak Lafrans, sipò nan mitan Fanmi Lavalas bay avidèy, san konte lòt sipòtè ki asiste seremoni an pou montre soutyen yo pou nouvo lidè konsèy la.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page