top of page

LEGLIZ Roc Solide de Tabarre pa boule.

Depi kèk semèn gwoup bandi ak zam ap eseye pran kontwòl wout Tabarre 27, kote Legliz Roc Solide Pastè Gérard Forges ap dirije a twouve l.


Malerezman, depi ayè 17 oktòb la sitiyasyon an vin pi grav, akoz nèg ak zam yo anvayi zòn ki toupre legliz la, epi mete dife nan yon espas ki tou kole ak legliz la.


Pou abitan zòn nan, se premye fwa sitiyasyon an dejenere konsa, plizyè moun kouri kite lakay yo, jiska jounen 18 oktòb la sitiyasyon an pa chanje.


Redaksyon konekte m nan rive pale ak kèk responsab nan legliz Roc Solide Taba, yo fè nou konnen; Pastè Gérard Forges ak madanm li an sekirite. Malerezman nou poko ka jwenn enfòmasyon sou Ofelina ki loje andikape yo ki tou kole ak Legliz la.


Pou kounya Polis Nasyonal Ayiti (PNH) rete detèmine pou repouse asayan yo epi retabli lòd nan zòn nan menmsi, vrè entansyon nèg ak zam yo se pran kontwòl taba 27.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page