top of page

Lavi Premye Minis Slovaki a, Robert Fico, an danje aprè yon tantativ asasina.

"Doktè yo enfòme n lavi Premye minis, Robert Fico, an danje epi li tou nan blok operatwa" se deklarasyon minis enteryè slovaki a Matus Sutaj Estok nan yon konferans pou laprès.


Premye minis Robert Fico te resevwa bal yo pandan li t ap soti nan yon reyinyon mèkredi a tantativ asasina sa a rive Mèkredi a pandan li t ap soti nan yon rankont gouvènmantal, daprè ajans nouvèl TASR, ki rapòte pawòl vis-prezidan Palman an, Lubos Blaha.


Medya lokal yo rapòte yo te imedyatman mennen Premye Minis la lopital pou opere, menm aprè operasyon an lavi politisyen 59 lane la toujou an danje.


Prezidant Eslovaki a, Zuzana Caputova konfime lapolis deja arete yon sispèk. Laprès bay kèk detay sou asayan an, ki dekri l: ekriven ki ekri plizyè rekèy pwezi, ki gen 71 lane epi ki te gen nan men l yon zam legal. Medya lokal yo rapòte tou prezime kriminèl la ta tire 4 fwa sou chèf gouvènman Eslovak la.


Nouvèl Robert Fico ki dwe kite tèt gouvènman an jen k ap vini an, plonje Eslovaki nan boulvèsman ak enkyetid konsènan estabilite politik peyi a.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page