top of page

Lame Izrayèl bonbade yon kan refijye nan Rafah plis pase 40 moun pèdi lavi yo nan dram sa a.

"Masak Rafah lakoz lanmò 45 moun pami yo 23 fanm, timoun ak tigranmoun. Epi gen 249 moun ki soti blese." Se sa Ministè Sante Hamas la pibliye kòm bilan nan yon kominike jodi lendi 27 me.


Lame Izrayèl bonbade yon kan refijye ki nan sid peyi Palestin. Kan sa te fè pati zòn ki pa mele nan gè a (Zone neutre). Atak tou nèf sa sisite anpil reyaksyon nan mond lan, plizyè pèsonalite ak peyi kondane zak sila epi kontinye kalifye gè sa kòm yon jenosid pami yo peyi Ejip kondane bonbadman sila.


Se deja 36 050 ki deja mouri nan kan Palestinyen yo depi 7 mwa lagè sa a. San konte kondisyon lavi moun yo ap viv nan kan yo. Plis pase 2 000 pasyan k ap soufri ak maladi kansè, maladi kè, maladi nan san pa gen aksè ak swen sante.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page