top of page

Kòktèl Lansman festivite JMT 2024 la,an Ayiti.

Dernière mise à jour : 28 sept. 2024

Anvan Jounen Mondyal Touris 2024 (JMT) la rive, yon kòktèl lansman te òganize pou tanmen ak festivite yo anba tèm "Touris ak Lapè". Òganizasyon Mondyal Touris (OMT) te chwazi evènman sila a pou souliye enpòtans touris la kòm yon zouti pou lapè ak devlopman dirab, espesyalman nan yon peyi tankou Ayiti, kote gen defi sosyo-politik ki toujou la.


Ministè Touris Ayiti te pwofite okazyon sila a pou felisite kèk enfliyansè ayisyen, sitou Anie Alerte, ki ap travay di pou fè pwomosyon sou bèlte ak potansyèl touris peyi a, malgre difikilte yo. Angajman yo gen yon wòl enpòtan nan chanje imaj Ayiti sou plan touristik nan Zye kominote Entènansyonal la, yo te mete aksan tou sou aspè kiltirèl ak lapè.


Seremoni sa a make kòmansman yon seri aktivite ki pwograme pou JMT2024 la, ki vize sansibilize sou lapè ak wòl touris nan ranfòse relasyon nan mitan tout nasyon.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page