top of page

Kylian Mbappé pran pri meyè jwè chanpyona fransè a pou yon 5èm fwa.

Pandan Kylian Mbappé ap prepare pou l kite chanpyona fransè a, foutbolè entènasyonal fransè mete ankò yon rekò nan Lig 1.


Nan seremoni remiz twofe UNFP 2024, lendi 13 me a, KM7 genyen trofe meyè jwè Lig 1 an pou yon senkyèm fwa youn kole ak lòt. Twofe UNFP ki rekonpanse bèl pèfòmans jwè Lig 1 sou sezon se lide sendika jwè yo Lafrans Inyon Nasyonal Foutbòl Pwofesyonèl Fransè (UNFP) depi 1994.


Kylian Mbappé jwe 29 match pandan sezon 2023-2024 la, li deja make 27 gòl ak bay 7 pas desizif. Nimewo 7 PSG a devanse konpatriyòt ak ko ekipye l nan klèb ak nan seleksyon Ousmane Dembélé, Pierre Lee-Melou, Pierre Emerick Aubameyang, Edon Zhegrova.

Meyè bitè nan tout istwa Paris a pran dènye pri endividyèl li sou koulè klèb kapital Lafrans la.


Mbappé deja anonse nan yon videyo match dimanch 12 me kont Toulouse se t ap dènye match li nan Parc des Princes lan. Anpil moun deja kwè elye gòch fransè ap prepare l pou mete valiz li nan kapital peyi Lespay la nan Real Madrid.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page