top of page

Kounya, Lopital Lapè gen Kapasite pou pwodui ant 20 a 24 bòbòn Oksijèn pa Jou.

Nan yon kontèks kote sistèm sante a an Ayiti ap fè fas ak gwo defi, yon etap enpòtan te franchi nan dat 19 desanm 2024 la, ki make inogirasyon yon inite pwodiksyon oksijèn nan Lopital Inivèsitè La Paix (HUP), ki chita kò l nan Delmas 33. Evènman sa a,  Minis Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP), Dr. Duckenson Lorthé Bléma prezide,  reprezante yon angajman konkrè pou amelyore aksè ak swen sante nan peyi a.


Nouvo inite sa a gen kapasite pou pwodui 20 a 24 bonbon oksijèn chak jou. Yon kapasite konsa pral pèmèt lopital la reponn ak egzijans medikal pasyan yo, espesyalman nan ka kritik ki bezwen swen dijans. Dr. Paul Junior Fontilus, direktè egzekitif lopital la, remèsye tout patnè yo, pandan li te soulve  nouvo enfrastrikti sa a pral ranfòse otonomi HUP nan pwodiksyon oksijèn epi diminye depandans sou resous k ap soti nan lòt peyi.


Enstalasyon inite a vin posib gras ak don kat dèlko oksijèn gouvènman ameriken an, atravè Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID). Don sa a reflete solidarite kominote entènasyonal la, ki kontinye soutni jefò rekonstriksyon sektè sante ayisyen an, malgre kriz sosyal ak sekirite ki ravaje peyi a.

Minis Duckenson Lorthé Bléma, nan diskou li, mete aksan sou enpòtans oksijèn medikal pou sove lavi, pandan li pwomèt  lòt inisyativ menm jan yo pral kontinye nan plizyè lòt sant sante nan peyi a. Minis la te felisite tout ekip teknik yo ak patnè yo pou travay kolaboratif ki pèmèt pwojè sa a vin yon reyalite.


Malgre kontèks difisil Ayiti ap viv, inisyativ tankou sa a montre  ak yon vizyon klè, jefò kolaborasyon ak detèminasyon, gen espwa pou amelyorasyon dirab nan sektè sante a. Inite pwodiksyon oksijèn nan HUP a se pa sèlman yon reyalizasyon teknik, men yon senbòl lespwa pou yon sante piblik ki pi pwòp ak plis aksesib pou tout Ayisyen.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page