top of page

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon fè yon Adrese devan Nasyon an.

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean, te adrese devan nasyon an jodi a, jedi 3 avril 2025. Nan sa ki te tounen yon entèvansyon chaje ak emosyon, Prezidan an  vize fè yon apèl  konsyans sou sitiyasyon difisil peyi a ap viv,  sa li te rele "soufrans popilasyon an." Nan okazyon sa a, li te pwofite ranfòse angajman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou tabli lapè ak sekirite nan peyi a.


Nan entèvansyon li, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ak asistans Konseye Prezidan Leslie Voltaire, Edgard Leblanc Fils, Louis Gérald Gilles, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Régine Abraham, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Sekretè Jeneral Palè Nasyonal la, Marie Élisabeth Régine Joseph Haddad, ak Jeneral Godfrey Otunge, Responsab Misyon Miltinasyonal la, te fè konnen yo deja pran plizyè mezi pou ranfòse batay kont gang ame yo.

Pami mezi yo, Konsèy Prezidansyèl la te pase gouvènman an lòd pou idantifye ajan BSAP ki ranpli tout kritè pou asosye yo ak Lame ak Lapolis, sa ki vize mete yon fòs inifye pou mennen yon lagè san pitye kont gang yo. Nan kad batay la, gouvènman an pral ratifye yon nouvo bidjè k ap priyorize aksyon kont gang ame yo.


Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an tou renouvle angajman li pou chanje fonksyonman Leta a, mete fen nan fenomèn ensekirite a, ak asire machin elektoral la kontinye mache pou pèmèt peyi a retounen nan yon eta demokratik nan dat 7 fevriye 2026, dat ki kenbe pou eleksyon an. Batay sa a pa fasil, men KPT a deklare yo motive pou goumen "jiskaske mayi mi" pou libere peyi a nan men gang ame yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page