top of page

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon eksprime endinyasyon aprè nouvèl lanmò trajik 3 polisye inite espesyalize UTAG.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon rann piblik yon kominike pou laprès pou eksprime endinyasyon yo sou asasina 3 ajan inite espesyalize Inite Anti Gang (UTAG) nan yon operasyon dimanch 9 jen an nan Delma 18 la.


KPT a pwofite prezante senpati yo ak moun ki touche pa dèy la, epi renouvle angajman yo pou ranfòse kapasite operasyonèl fòs piblik yo pou matrake bandi yo.


Nan kad operasyon non sèlman gen 3 polisye ki mouri men gen yon lòt ki soti blese epi malfra yo mete dife sou yon blennde PNH la pou yon lòt fwa ankò.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page